Éliminatoire de la coupe du monde 2026, Victoire 0 – 3 des grenadiers face au Nicaragua

Sòti nan gòl kaporal, foutbòl tikan devan pòt, ekip dèyè sa k pran gòl anvan ale. Pase nan chanpyona katye sou teren k trase a sab blan. Sòti nan choute boul chosèt, po ji, pase nan chanpyona vakans katon wouj 5 pyas. San n pa t konnen, nou t ap trase chimen pou yon rèv : mete peyi nou nan pami pi gwo nasyon ki pral twoke kòn nan pi gwo rasanbleman ki genyen nan listwa jwèt sa a. KOUP DI MOND.

Ayè jedi 9 oktòb la, peyi a pase yon nwit san parèy nan gad Seleksyon Nasyonal la ki t ap fè fyète yo. Nan yon match ki te met Ayiti fas pou fas ak ekip Nikaragwa a, Ayiti te sòti grif li pou l te kale Nikaragwa 3 – 0. An n reviv bèl moman sa a nan kèk foto.

9 Oct 2025-18:00
Mi-temps: 0-2 Match terminé: 0-3
NCA
0
HAI
3
AP