Mondyal 2026, Nou kapab
Moun Jeremi fin manje tonmtonm, yo kwaze pye yo ap tann. Nèg Tigwav a gwo sachè dous makòs yo nan men yo ap fè lè san pa. Moun wanament di menm jan yo te kanpe pou kanal la, konsa yo pral kanpe dèyè Grenadye yo. Moun Yogann gentan manche banbou yo, apre match pou rara a pran lari.
Nèg Okap di yo pa kòkòday kannik Nikaragwa, depi nan premye mitan y ap sosola l ! Lèziwa fè konnen se kounya a ki pral gen kitanago ! Nèg Gonayiv fin manje diri a lalo yo, yo di se yo ki mèt endepandans lan, se listwa yo pral refè jodia. Moun Pò a piman ak Okoto rasanble anba 500 mach yo ap tann match kòmanse. Moun Machan Desalin deside, se nan Fò Décidé pou y al gad match la, pou yo ka santi yo pi fò. Moun Laskawobas ak Mibalè kanpe sou tèt Pelig. Gon lanbi ki fenk kònen la a pou yon rasanbleman Sodo ! Ayisyen nan djaspora a nan lè sa a ap chache koneksyon entènèt pou yo ka gad peyi yo ki pral bwase boul.
12 milyon Ayisyen yo kanpe jodi a tankou yon sèl òm, pou sipòte peyi a jouk match fini !!!
Sa k konn priye… Priye !
Sa k konn jete dlo… jete dlo !
Si n ap ap kase kou yon boutèy, sonje jete yon bouchon pou sa n pa wè yo !
